TKSK: «FILMER»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «FILMER». Mwen si ou abitye tande mo saa men eske ou konn byen sal vle di nan domèn kwizin ?

« Filmer » nan domèn gastronomi se kouvri yon plat oswa yon manje ak fim alimantè pou pwoteje l anvan ou mete l nan frijidè…

Men kisa ou ka rele fim alimentè? Se yon fim plastik mens transparan, aderan ak “ductile” (duktil vle di ou redil lap longe men li pap ni kase, ni chire lap pran fòm sa wap vlope avèl la). Yo itilize li pou vlope oswa kouvri manje pou pwoteje l kont lè a epi konsa kenbe l fre pandan plizyè jou. Men si defwa yo pran youn pou lòt fòk nou pa konfonn li ak “selofan”, ki se yon fim mens ak transparan ki itilize anpil nan anbalaj manje ak te li fèt ak idrat seluloz.

Ak ki materyèl fim alimantè fèt?
En règ jeneral, fim alimantè fèt ak polyethylene. Li se yon materyèl ki rezistan ak trè elastik. Genyen tou yon vèsyon ke ou ka sèvi avèl plizyè fwa ki fèt ak koton ak lasi. Sa a se “cirophane”, yon altènatif natirèl ak ekolojik fim alimantè klasik la.

Ki jan pou chwazi fim alimantè ou a?
Ou pral jwenn de kalite fim alimantè: youn ki resiste ak tanperati ki frèt anpil youn ki reziste ak chalè (eksepte chalè fou). Dènye kalite fim sa a fèt pou “mikwo ond” oswa “kwit manje” ki ka defwa depase tanperati 100 ° C. Ou ka sèvi ak li pou kwit manje alavapè oswa poche.

Kijan pou filme manje?
Fim alimantè trè apwopriye pou vlope tout manje eksepte sa yo ki estoke nan lwil oliv ak sòs gra tankou mayonèz, krèm patisri, elatriye. ⚠️ Li enpòtan pou w filme an kontak, pou anpeche preparasyon w yo an kontak ak lè a⚠️. Pakont si ou ap sèvi ak fim pou mikwo ond lan, asire w ke papye a pa an kontak ak sa wap vlope ya.

Si ou tyak anpil sou zafè plastik oubyen ou ta gen yon ti lakrentif sèvi ak bagay plastik nan manjew veye pou wè si fim lan respekte direktiv Ewopeyen 2002/72/EC sou materyèl ki gen entansyon antre an kontak ak manje (lè saa wap anfòm …)

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: TripAdvisor

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.