TKSK: Eske se vre bon jan italyen an manje « spaghetti » li ak kiyè ?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite. Kesyon nou gen pou ou jodi ya se Eske se vre bon jan italyen an manje « spaghetti » li ak kiyè ? eske se foulay ou byen verite sou tanbou ?

Espageti se ak kiyè fouchèt yo manje sa

Mwen te oblije mande yon Italyen otantik kesyon saa. Misye ri li ri li ri : Yon lòt gwo foulay ki trè popilè li di. “Mwen pa panse ke pèsonn moun nan peyi Itali jodi a manje pat ak yon kiyè ak yon fouchèt, petèt yon ou de twa fanmi aristokrat men pa plis” Misye dim pandan li kontinye ap ri.

Li ajoute men nan lòt kote mwen pase, mwen wè anpil moun kontinye fè li pou ede tèt yo nan rive woule past yo. Men li vrèman pa nesesè, pran mwens kantite ak fouchèt la epi wap woule pat la nan jis apiyel sou sou asyèt la.

Mwen pa fè komantè siplemantè, mwen jis konprann ke se pa italyen ki pi fò nan afè manje espageti ak kiyè, men se sitou abitan peyi zuzu…

Pase yon bon dimanch.

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.