TKSK : Men ki jan yo anpeche dlo bouyi debòde chodyè a!

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Gen de fwa se de bagay tou senp ki dekouraje moun ki pa abitye fè manje tou le jou komanse ou kontinye fè manje. Konsèy jodi ya se pou moun ki ap jete dlo nan fwaye fou a oubyen nan chabon dife ya chak fwa yap bouyi dlo…

Men ki jan yo anpeche dlo bouyi debòde chodyè a!

Kijan pou evite dlo debòde sot nan chodyè a tonbe nan dife ya?* Se vre ke li anmèdan anpil lè dlo a debòde. Tout bagay gen pou netwaye apre epi tan ap gaspiye. Erezman, dlo bouyi san debòde se posib.

Pou mete yon fen nan dlo espageti, makawoni, legim kap debòde… teknik la se mete yon kiyè an bwa sou chodyè a! Kiyè a pral bloke dlo bouyi a, anpeche kim lan debòde epi li pwal evitew nan netwaye plak fou ou apre ou fin kwit manje.

Ki jan sa fèt?

  1. Kwit pat ou (parekzanp) kòm dabitid.
  2. Apre ou fi n bwase dlo a, mete yon kiyè an bwa atravè chodyè a.

Rezilta
Zafè dlo kap bouyi soti nan chodyè a epi debòde a sa fini. Teknik la fasil, rapid ak efikas,pa vre? Ou pap pase tan ou ankò nan netwaye kwizin nan pou anyen! Lè w suiv trik senp sa a, ou sove elektrisite ak pwodui netwayaj. Li pi pratik konsa. Men, si ou vle bouyi dlo pi vit, mwen rekòmande trick sa a tou. Nan sans saa li sovew elektrisite oswa gaz tou.

Poukisa li mache?
Bwa se pa yon bon materyèl pou kondwi chalè, dlo cho pral natirèlman koule lwen manch lan. Nan fason sa a, kiyè an bwa a ap anpeche kim lan fòme. Sa a pèmèt bil lè ki soti nan dlo pou kwit manje a pete san li pa voye kim dlo ak lanmidon an sou plak la.

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: santeplusmag.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.