TKSK: Kouman pou konbat «PNEUMONIE?»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se samdi jou «kuizin, famasi lakay» jou kote nap konstate ke bagay ki nan kwizin lan ka sèvi medikaman. Konsey jodi ya se Kouman pou konbat «PNEUMONIE?» Ak sa ou gen nan kwizi n lan …

7 NEMONI

Jwenn yon ti ponyen lay, moulen yo epi ekstrè ji a. Bwè yon kiyè epi sèvi ak ji a pou fwote pwatrin lan ak dow epi apre yon tan tou kout wap chèche nemoni ou pap jwenn li.

Tradisyonèlman, lay yo itilize li pou konbat tout kalite enfeksyon, osi byen ke pou anpeche rim ak grip. ESCOP rekonèt itilizasyon li pou trete enfeksyon nan aparèy respiratwa siperyè, tankou nemoni.

Dòz pou pran : konsome apeprè ak 4 dan lay fre (16 g) pou chak jou, oswa pran 2 g a 4 g lay sèch, 3 fwa pa jou.`

Bon samdi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto : passeportsante.net

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.