TKSK: «CUIRE A L’ETUVÉE»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «CUIRE A L’ETUVEE». Lè ou tande modèl kwit manje saa nan yon video oubyen ou lil nan yon liv kap pale sou zafè kwizin ki sa ki vini rapid vit nan tèt ou ?

Kwison aletuve se yon jan pou kwit yon vyann, yon legim nan pwòp vapè ki soti nan dlo pwodwi saa deja genyen.

Kwit aletuve yo relel tou kwit manje a bas tanperati. Yo bal ti non sa a paske ou pwal reyalize modèl kwit manje saa sou ti dife nan yon veso ki byen fèmen apre ou mete yon vyep ti kras grès ladanl. Jan saa pou kwit manje sanble de gout dlo ak pwosesis kwit manje ala vapè (sof ke ou pa ajoute dlo ladanl paske fòk se dlo pwodwi ya ki kwit tèt li).
Yo sèvi ak metòd saa pou kwit vyann ak pwason, men tou pou legim ki gen dlo tankou zukèini. Manje yo kwit nan pwòp likid yo, men si pa gen ase (tankou ak kèk vyann), yo ajoute yon ti kras dlo tou zwit.

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: gastronomiac.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.