TKSK: TRETE MAYAS, MAL GÒJ AK SÈL ?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se samdi jou «kuizin, famasi lakay» jou kote nap konstate ke bagay ki nan kwizin lan ka sèvi medikaman. Konsey jodi ya se Kouman pou konbat «MAYAS, MAL GÒJ AK SÈL ?» Mwen si ou pat konnen sèl wap met nan manje chak jou a te gen tout pouvwa sa a…

8 PYE MAYAS, MAL GÒJ

Sèl se yon pwodwi endispansab nan yon kwizin men eske ou te konnen li ka itil anpil lèw gen pye mayas (pye atlèt) Pye mayas se yon enfeksyon chanpiyon nan pye a ki devlope ant zòtèy yo, sa ki lakòz demanjezon ensipòtab. Men bon nouvèl la sè ke, li ka trete ak yon solisyon sèl ki diminye swe ak adousi po a.

Pran 2 ti kiyè sèl ak ½ lit dlo epi melanje tout bagay. Tranpe pye ou pou 10 minit, apresa siye yo san fwote jouk li byen sèk.

Sèl se yon remèd tou kont gòj fè mal. Sèl trè efikas nan ka ou ta gen gòj fè mal. Senpleman mete 3 ti kiyè sèl nan 90ml dlo epi fè gargari ak solisyon sa a osi souvan sa nesesè pou anpeche enfeksyon ak soulaje enflamasyon.

Bon samdi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto : hjhospitals.org

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.