TKSK: Kijan pou ou pwoteje veso ou ak kilotaj

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

(Vandredi teknik) Jodi ya nap fè yon ti rale sou teknik ki rele CULOTTAGE la. Mwen si ou tande pale de sa deja. Si toutfwa sa patako rive nan konsèy jodi ya nou ap dekouvri « ki sa ki kilotaj la, epi kijan pou fè li pou pwoteje veso w ki fèt an fwont».

« Culottage » se yon pwosesis pou trete sifas veso metal yo ak grès chofe oswa lwil pou pwodui yon kouch ki reziste ak korozyon ak anpeche manje kole nan veso a.

kilotaj obligatwa pou tout istansil kizin ki pa trete ak asye kabòn, ki otreman rouye byen vit lè yo chofe an prezans menm yon ti kantite oksijèn ak dlo.

Anplis de sa, manje yo gen tandans kole ak fè istansil ki pa trete ak asye kabòn. Gen kèk istansil fè ak kabòn asye ki vini tou kilote pa manifaktirè yo, men pifò mande pou itilizatè yo trete yo.

Istansil ki an aliminyòm oubyen an asye inoksidab pa mande pou fè pwoteksyon antikorozyon, men si toutfwa ou ta kilote yo lap diminye kapasite antiadezyon yo epi fè yo bay manje koulè pi vit. Lòt sifas kizin yo jeneralman pa sipòte kilotaj.

Randevou kase pou vandredi pwochen pou dòt teknik nan zafè fè manje.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : meilleurstrucs.com, wikihow.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.