TKSK: konbat PA KA DOMI, STRESS, GWO MAL TOUS

Kou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se samdi jou « kwizin, famasi lakay » jou kote nap konstate ke bagay ki nan kwizin lan ka sèvi medikaman. Konsey jodi ya pwal pale sou lèt (si li ka lèt kabrit lap pi bon toujou) Kouman pou konbat « PA KA DOMI, STRESS,GWO MAL TOUS ? » ak lèt? Mwen si ou pat konnen lèt kabrit te gen tout pouvwa saa …

9 INSOMNI, ANKSYETE, MAL GÒJ

Bwè Lèt (kabrit) kont lensomni ak enkyetid: zansèt nou yo te konn di ke bwè yon vè lèt anvan ou ale nan kabann pèmèt ou byen dòmi. Remèd sa a pwouve syantifikman pou goumen kont enkyetid, chimerik, tansyon, lensomni ak anpil lòt pwoblèm ki lakòz estrès chak jou. Li pwouve ke lèt la dwe menm plis benefik pou sèvo a lè ou melanjel ak yon kiyè siwo myèl.

Si wap touse ou gen gwo las sou lestomak ou konbine avèk kèk engredyan, lèt la vin tounen yon medikaman tous reyèl, menm pi efikas pase nenpòt preparasyon medikal. Ou ka melanje li ak siwo myèl, « sauge » oswa lay pou trete tous ou.

Bon samdi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto : healthyfitpoint.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.