TKSK: . Eske se vre pou pa bwè pandan wap manje ?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite. Kesyon nou gen pou ou jodi ya se Eske se vre pou pa bwè pandan wap manje ? eske se foulay oubyen verite sou tanbou ?

Pa bwè pandan manje

Lide saa nou tandel plis nan mitan moun ki pi gran yo. Asireman nou ka twò jèn pou nou konnen ki kote li soti! Gen moun a soulye ki menm di ke dlo a ta bay yon santiman vant plen ki ta anpeche ou fini asyèt ou yo.

Jis imajinew… (si bagay saa ta vre sè jou si machann dlo tap anpeche machann manje chat viv) Li evidan rimè sa a se foulay. Bwè lè ou santi ou anvi, pandan tout repa a. Pa gen anyen move sou abitid sa a.

Dapre gastroenterologist Olivier Spatzierer, pa gen okenn atik syantifik nan moman an ki ateste tèz sa a. Li ta, dapre li, yon lide resevwa. “Gen kèk moun ki panse ke lè ou bwè dlo, li dilye sekresyon dijestif yo, e ke konsa, dijesyon pral mwens byen fè, li eksplike. Men òganis lan byen fèt epi sistèm dijestif la adapte selon sa nou enjere. Se pa youn oswa menm twa vè dlo ki pral chanje tout bagay, ” li ajoute.

Dapre nitrisyonis Alexandra Dalu, idrate nan lè repa yo ta menm benefik. “Sa a pral adousi boul manje a epi konsa ede dijesyon,” li te di. Dapre espesyalis la, otè de 100 foulay nou resevwa ki anpeche nou santi nou byen, bwè dlo pandan manje ede, pami lòt bagay, kontwole asidite nan vant, ki pwodwi natirèlman lè nou manje.

Pase yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: entrepotdeviandes.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.