TKSK: BALANS AK KONPOZISYON MILTI-SIJÈ

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje jodi ya mwen fè yon ti rale sou « BALANS AK KONPOZISYON MILTI-SIJE » teknik ak konsèy pou amelyore epi ekilibre konpozisyon foto manjew.

29 – BALANS AK KONPOZISYON LÈ OU GEN PLIZYÈ SIJE NAN MENM FOTO A

Men jan sou yon balans kantite pwa ou mete adwat agòch kenbe li estab, ou pral bezwen fè atansyon sou ki jan ou plase eleman divès kalite ou yo nan foto ou ap fè ya.

Pa reyèlman gen defi pou leve si ou ap fè foto plat ou a de pre. Kesyon konpozisyon milti-sijè pral poze espesyalman lè wap fè yon foto dansanm. Nan ka sa a, konpozisyon an pral sitou yon kesyon de sansiblite ak santiman pèsonèl. Asire ou ke ou distribye diferan eleman yo nan tout sèn nan pou evite santiman vid. Si ou gwoupe tout eleman ou yo nan yon kwen nan imaj la, imaj la pral lojikman parèt trè okipe nan kote sa a ak konplètman vid alantou li. Dezekilib la pral fèw santi ke foto a ta ka sanble tankou yon chèz ki manke yon pye.

kòm pou chak règ gen eksepsyon, ou ka fè espre mete tout eleman ou yo nan yon fason yo fòme yon ackdesèk, rès sèn rete vid. Men lè saa se paske ou vle fè yon efè atistik …

Finalman, ou ta dwe konnen ke menm lè ou mete nan yon bagay nan fon oubyen nan yon zòn flou, gen eleman ki ap atire je kanmenm. Enterè nou genyen nan yon sijè olye de yon lòt depann de twa kritè:

Enpak vizyèl li: yon eleman ki gen gwo koulè pral pran priyorite sou yon lòt ki gen ti koulè pàl.
Gwosè li: yon eleman enpozan pral pran priyorite sou yon ti eleman.
Distans li: yon eleman tou pre atire plis enterè pase yon eleman byen lwen.
Si ou vle mete yon eleman ki gen yon enpak vizyèl pi fò pase plat ou a nan foto a, mete li avèk sajès pou prezans li pa deranje: deplase li nan fon oswa koupe li nan ankadreman an. Epitou konsidere w ap chwazi yon pwofondè de champ ki fèb pou fè prezans eleman saa pi abstrè.

Pase yon bon madi

Jéach 2022

Foto: lacourdorgeres.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.