TKSK: Kijan pou fè Konfi

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

(Vandredi teknik) Jodi ya nap fè yon ti rale sou teknik ki rele CONFIT la. Mwen si ou tande pale de sa deja. Si toutfwa sa patako rive nan konsèy jodi ya nou ap dekouvri « ki sa ki konfi ya, epi kijan pou fè li».

KONFI

Pou konfi yon bagay li ou dwe tranpe l nan grès. konfi zwa, pou egzanp, se yon klasik: “Yon moso vyann zwa yo mete nan grès epi kwit li”, eksplike Steve Karlsch, direktè gastronomik nan Brasserie Colette Tim Raue.

Konfi se yon teknik ki te itilize lontan pou prezève vyann nan. Men, se pa sèlman vyann ki ka tranpe nan grès, men ou ka fèl tou pou, kribich oswa legim. Li pa enpòtan si manje a tranpe nan pwòp grès li oswa nan lòt grès ou ta ajoute, sèl bagay ki enpòtan se ke li fèt nan tanperati ki ba (ou pa dwe janm kwit nan yon tanperati ki ta pi wo ke 80 ° C).

Karlsch apresye dyondyon konfi: “Mwen kite yo kwit nan anpil lwil pou apeprè inèdtan. Dyondyon yo vi n redwi epi bon sant yo entansifye.” Dezavantaj nan metòd konfi ya se pa youn preparasyon ki pi bon pou la sante pase sa, paske li sèvi ak anpil grès.

Randevou kase pou vandredi pwochen pou dòt teknik nan zafè fè manje.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : chefsimon.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.