TKSK: Eske bè gen plis grès pase magarin?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite. Kesyon nou gen pou ou jodi ya se Eske bè gen plis grès pase magarin ? Mwen sèten se pa premye ni dènye fwa nou ap tande bagay saa Eske se foulay oubyen verite sou tanbou ?

Bè pi gra pase magarin

An reyalite pa gen youn ki pi gra pase lòt, si nap pale de kantite grès yo genyen. Rimè sa a san fondman. Bè ak magarin yo egal ego. Mwen konnen moun ki pa manje pwodwi ki soti nan zanimo sou yon fòm oubyen sou yon lòt (végétalien) yo fò nan fè lòbi pou rimè saa vale teren epi pou anpil moun sispann oubyen diminye konsome bè. Si nou ta chèche yon rezon inosan ki ta jistifye kwayans saa nou ta ka di ke li ta soti nan lefèt ke magarin gen plis asid gra ensatire ki pi efikas nan batay kont move kolestewòl.

Pase yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: entrepotdeviandes.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.