TKSK: METE TET NAN FOTO OU AP FÈ

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje jodi ya mwen fè yon ti rale sou « KOUMAN POU METE TET NAN FOTO OU AP FÈ ? » teknik ak konsèy pou vi n pi kreyatif.

30 – KOUMAN E POUKI POU FÈ MENW PARÈT NAN FOTO A

Yon men ki ap pwan yon biskwit, yon men ki ap pote yon gato, yon men ki kenbe yon vè… tout chwa sa yo orijinal epi yo sijere prezans yon moun Yo bay foto a lavi nan yon resèt souvan ki te banal. Yon prezans imen imedyatman pote yon atmosfè pi cho ak pi dinamik. Ban baw kèk bagay wap bezwen pou ede w nan mete tèt ou nan imaj ou wap kreye a.

Materyèl
Si ou vle fè foto tèt ou, ou pral oblije sèvi ak yon trépied ak yon remòt kontwòl oubyen yon mionitè ki ap pèmèt ou deklanche san manyen aparèy la. Ou pa bezwen envesti nan yon trépied trè chè si ou pa gen okenn lòt itilizasyon pou li. Men, san yon trépied, posiblite pou pran foto tèt ou (espesyalman menw) pral reyèlman trè limite.

Remòt kontwòl la rekòmande tou, men li pa nesesèman esansyèl. Li pral pèmèt ou deklanche kamera a adistans san ou pa deplase soti nan plas ou. Si ou pa gen remòt, ou ka itilize minitè kamera ou a. Lè sa a, ou pral gen kèk segonn anvan foto a deklanche. Men, kèk segonn sa yo pa pral toujou ase pou fè yon bèl foto.

Ki jan pou rantre nan foto a?
Si ou vle foto men ou nan background nan, oswa foto tèt ou ak tout kòw nan pòtrè ya, li evidan ke nivo difikilte yo pral diferan. Madi pwochen map vini ak kèk konsèy ki ap ka ede ou.

An atandan ditrèw nan kèk modèl mwen chwazi pou ou

Pase yon bon madi

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.