TKSK: FLAMBAGE

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

(Vandredi teknik) Jodi ya nap fè yon ti rale sou teknik ki rele FLAMBAGE la. Mwen si ou kon tande oubyen wè kote yap flambe yon vyann. Si toutfwa sa patako rive nan konsèy jodi ya nou ap inisyew nan « teknik yo rele flanbe ya».

FLANBE

Flambe se yon pwosesis pou kwit manje kote alkòl ajoute nan yon chodyè cho boule yon manje nan flanm dife. Teknik sa a pratike nan anpil kuizin atravè mond lan.

Flanbe chanje chimi plat la. Flanbe boule alkòl men li pa chanje konsantrasyon alkòl. Alkòl bouyi lèl rive 78 ° C, pandan dlo li se a 100 ° C li bouyi men sik karamelize nan lèl chofe a 170 ° C. Flanbe tout eleman sa yo konbine ansanm bay yon reyaksyon chimik konplèks kote alkòl la ki an sifas boule nan yon chalè ki depase 240°C. Gaz ak la sèvi kabiran ansanm ak sous bon sant. Pou sèvi ak yon alkòl pou flambe, li dwe titre omwen 40 °. Pou arom, chwa a se yon alkòl an amoni ak sa wap flanbe ya.

Men kèk ekzanp ki manje pou marye ak ki alkòl pou byen flanbe
• Bannann mi flanbe ak wonm agrikòl (tankou Babankou oubyen Bakara)
• Pèch flanbe ak Triple Sec (oubyen yon lòt likè zoranj)
• Anana flanbe ak wonm agrikòl
• Krèp flanbe ak konyak (ouben brandy)
• Stèk o pwav flanbe ak konyak

Gou se tankou lesali se yon bagay ki très pèsonèl, se pa tout moun ki ka disène yon chanjman nan gou. Gen kèk moun ki eksplike ke teknik flanbe ya pa ka afekte siyifikativman gou yon plat. Sepandan, yon tès ki te fèt lè l sèvi avèk de pakèt pòm karamelize (yonn flanbe, lòt la mitone) revele ke “plat flanbe ya te plis nan gou granmoun yo, alòs ke sak mitone ya se timoun yo plis ki te vare sou li.

Randevou kase pou vandredi pwochen pou dòt teknik nan zafè fè manje.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : chefsimon.co

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.