TKSK: Eske manje ki pa kuit (kri) pi bon pou sante?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite. Kesyon nou gen pou ou jodi ya se Eske manje ki pa kwit _(manje kri) pi bon pou la sante pase manje kwit ?

Mwen konnen ayisyen dipeyi pa twò salad ak manje kri. Men lè yo fè dekouvri yon nouvo rejim sa rive ke yap fè piblisite pou manje kri manje frèt Eske se foulay oubyen verite sou tanbou ke :

Manje frèt yo pi bon pase manje cho?

Okontrè! Kwit manje ede vant nou dijere. Pa al twòp twòp sou salad, baton legim ak suchi. Nenpòt moun ki manje sèlman manje kri pral evantyèlman lite ak endijesyon ak flatulans (gaz). Manje kri yo difisil pou dijere epi yo ka domaje pawa entesten an.

Kisa pou ta fè pou byen pase ?
Men, si ou renmen salad anpil, jis fè li cho! Sòs salad ka cho si rès salad la frèt: bouyi, kale ak koupe pòmdetè yo. Yon ti tan kwit an ti moso konkonm nan yon ti fond (bouyon poulè) epi ajoute yo nan pòmdetè yo. Sezonen ak lay, moutad, vinèg, zèb aromatik, sèl, pwav ak lwil. Sòs salad goumè a pare!

Pase yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: healthy-lunch.fr

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.