TKSK: REFE YON SALAD KI FENNEN NAN 20 MINIT

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

(Vandredi teknik) Jodi ya nap fè yon ti rale sou teknik pou Refè salad leti ki ta pèdi frechè l’. Mwen si lè sa rivew se oubyen ou eseye manjel tou fennen yan oubyen ou jetel.

REFE YON SALAD KI FENNEN NAN 20 MINIT

Fèy fennen nan yon salad pa janm yon bagay ki bay anvi manje salad. Le pli souvan fèy sa yo fini nan fatra a… Men li toujou posib pou salad repran eskanp li nan 20 minit! An jeneral, mwen achte 2 oswa 3 tèt leti nan men machan kenskòf, ke nan makèt kote li pi chè. Apre, sa rive souvan, yo fini anba, nan bak frijidè a… Erezman, gras a konsey sa a, li pwal posib ou refè frechè salad la.

Men ki jan yo sove yon leti fane byen vit.

  1. Ranpli bòl salad ou ak dlo frèt.
  2. Ajoute kat oswa senk kib glas ak yon pòmdetè koupe an tranch.
  3. Tranpe salad ou nan melanj sa a pou apeprè ven minit.
  4. Lè sa a, fèy salad ou ap vin dyanm kòm dabitid.

Salad ou a reprann konsistans li byen kroustiyan fasil fasil… Salad vin bèl ankò epi byen vèt. Kòm si nou te jis fèk chwazi li!

Randevou kase pou vandredi pwochen pou dòt teknik nan zafè fè manje.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : chefsimon.co

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.