TKSK: Eske pwodui ki make fèb an gra, ak fèb an sik, fè moun megri ?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite.

Kesyon nou gen pou ou jodi ya se Eske pwodwi ki make fèb an gra, fèb an sik fè moun megri ? Mwen konnen anpil moun ki ap rejim « minceur » ki se bon liyan makèt pou tout pwodwi ki make « faible en … » pase yo kwè sa ap ede. Eske se foulay oubyen verite sou tanbou afè « faible teneur en … » :

Malerezman, sa pa vre. Pifò pwodwi aleje yo, tou senpleman chanje oswa retire youn oswa plisyè engredyan nan konpozisyon pwodwi a. Li pa pral lakòz ou pèdi pwa. Pitow chanje rejim ou, si se pwa ou anvi pèdi! Pi bon pwodwi ki pa gen anpil grès oubyen sik ou jwenn yo nan lanati: yon papay gen sèlman 13 kalori. Se pousa, olye wap pèdi tanw nan chèche yon yogout ki pa gen anpil grès pou desè ou ka pran pito yon fwi ki fè keyi. Lap pi bon pou santew.

Pran abitid manje a lè fiks, manje fwi, bay kòw mouvman wap pèdi pwa si bagay pa gentan twò grav. Evite pran nan foulay (Full Lie)

Pase yon bon dimanch.

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.