TKSK: « LOMBRAJ AK LIMYÈ »

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje jodi ya mwen fè yon ti rale sou « LOMBRAJ AK JERE LIMYÈ » teknik ak konsèy pou bay yon foto relièf nan aprann sèvi ak limyè epi lonbraj.

32 – JERE LONBRAJ

Kontrèman ak sa ou ta ka panse, lonbraj yo pa yon move bagay, yo la pou bay relyèf nan tout fotografi ou. Menm jan ou bezwen konprann limyè pou pi byen jere li, ou bezwen tou aprann kijan pou explwate lonbraj.

Yon imaj san lonbraj ta plat ak san enterè. Distribisyon zòn fènwa ak zòn limyè enfòme je a sou twa dimansyon sa li ap gade. Se poutèt sa li enpòtan pou dirije limyè a byen mete aksan sou relyèf ak volim nan plat ou a fè foto a.
Ou ka adousi lonbraj, lèw sèvi avèk de metòd ke ou ka fasilman aplike nan kay la.

Distribisyon limyè
Avèk yon sous limyè twò fò, lonbraj yo di byen make, sa ka rive ke sa pa koresponn ak atmosfè ou vle a. Nan ka sa a, teknik la se mete ant fenèt la ak sèn nan, yon vwal blan, yon fèy papye oswa papye kalk si epesè li ase pou tamize limyè ya. Avèk yon limyè adousi, lonbraj yo pral pi pal san yo pa konplètman disparèt.

Prensip difizyon: yo mete yon rido ant fenèt la ak sèn nan. Fè atansyon kan menm ak lonbraj fèy ou a, ki pral gen yon enfliyans sou tanperati koulè nouvo limyè a.

Yon ti konsèy si ou pa ka sèvi ak yon diffuseur: ale lwen sous limyè ou pou adousi li sou foto a.

Pase yon bon madi

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.