TKSK: Kouman pou ogmante kantite espèmatozoyid

Kou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se samdi jou « kwizin, famasi lakay » jou kote nap konstate ke bagay ki laa nan kwizin lan ka sèvi medikaman.

Konsey semenn pase ya genlè rive lwen, pase mwen wè nan semenn lan emision « LE POINT » vini ak sijè ya tou. Se pou tèt sa jodi ya map bay de konsèy ankò sou menm kesyon delika saa ki sanble enterese anpil moun.

Jodi ya mwen pwal fè yon depouyoun nap pale sou medikaman pou nèg ki paka dire ak Neg ki gen difikilte pou kanpe. Mwen ta renmen senpman di davans gwoup la se yon gwoup gastronomi li ye nou pa fè maji, nou evite foulay, nou pa reveye mò … Nou ap di kisa nan kwizin ki ka ede ak kèk moun kap pase yon move pas

13 PAKA DIRE [EJAKILASYON PREKÒS]
Si ou ta twouve ou vini vit anpil, jwenn 3 Gombo(kalalou), koupe yo an tranch; lè grenn yo sèk pranyo méte yo fèrmante nan dlo SODA pou 2 jou. Pran mwatye yon tas chak jou pou yon semèn … Ou ta dwe apre sa bay plis tan. Nan menm tan tou evite strès (Li ta menm bon pou ta pran medikaman saa tankou yon esè wap fè, pou evite strès)

*14 EREKSYON FÈB [BAGAY LA YON TI JAN MANKE DJANM]
Jwenn 6 zonyon blan, moulen epi ekstrè ji a. Melanje ji a ak siwo myèl. Pran 2 kiyè twa fwa pa jou pou yon semèn. Ou ta sipoze jwenn jistis ou apre tretman sa … (remèd saa bon pou grip tou)

Bon samdi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto : astucesdegrandmere.net

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.