TKSK: Eske manje fwi fè moun pèdi pwa a ?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite.

Kesyon nou gen pou ou jodi ya se Eske manje fwi fè moun megri ? Mwen konnen anpil moun ki ap swiv rejim « minceur » se bon jan kliyan makèt ak machann fwi men eske se foulay oubyen verite sou tanbou afè « manje fwi fè moun pèdi pwa a ? » :

Manje fwi bon pou sante ou (pa gen diskisyon nan sa), men yo pa nesesèman kenbe ou mens. Dapre nouvo etid ki fèt, manje fwi ant repa yo se de ti bonm kalori. Li pi bon pou ta pran legim pito. Yon kawòt gen mwens kalori pase kèk fwi epi li bay menm plis vitamin.

Si se pou vi n, oubyen rete mens men resèt ki bay siksè
Sa pa sèlman yon ti goute fèt zuzu ou ka fè sa: koupe kawòt, konkonm ak piman an ti bann pou tranpe nan sòs yogout ak lay, ti zèb santi bon ak sèl. (yo rele sòs saa tranpèt)

Pase yon bon dimanch.

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.