TKSK: LOMBRAJ AK JERE LIMYÈ

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje jodi ya mwen fè yon ti rale sou « LOMBRAJ AK JERE LIMYÈ » teknik ak konsèy pou bay yon foto relièf nan aprann sèvi ak limyè epi lonbraj.

Nan seri aprann fè foto manje jodi ya mwen fè yon ti rale sou « POUKISA LIMYÈ NATIRÈL ENPÒTAN? » teknik ak konsèy pou bay yon foto panach nan aprann sèvi ak limyè sou tout fòm.

33 – LIMYÈ NATIRÈL

Tankou mizisyen an ki bezwen lè pou fè son, oswa yon pent ki bezwen pigman pou twal li, fotograf la bezwen limyè. Li se matyè premyè nou yo ak baz travay fotograf lan. Oryantasyon limyè ya, entansite limiyè ya, tanperati li, bon jan kalite li yo se karakteristik ki pral vreman enfliyanse fason limyè a aji sou sèn ou ap friz la pouletaneletènite.

Limyè natirèl la li alafwa pi varyab epi tou pi bèl varyab yon fotograf gen pou travay. Li mete aksan sou koulè yon plat, relyèf li, teksti li, briyans li. Epi ou pral kapab jwe ak limyè ya depann sou pozisyon ou twouvew ak ekleraj la.

Imaj ou pran nan limyè atifisyèl, tankou yon lanp nan lari, lanp miray oswa lanp andedan kay, osi byen ke itilizasyon flash yo se de erè ki twò souvan fèt. Limyè sa yo chanje kalite vizyèl manje ou a: limyè twò dirèk, bay lonbraj fò epi ki di, reprezantasyon koulè ki pòv. Defo yo anpil. Pou amelyore fotografi manje ou, pa gen okenn sekrè: ou gen pou donte limyè natirèl la depreferans nan lajounen an. E pou sa, ou pral aprann wè li, analize li epi konprann li.

Pase yon bon madi

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.