TKSK: Eske siw bat vyann « steak » ou ak mato vyann lan ap pi mou ?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite.

Kesyon nou gen pou ou jodi ya se eske siw bat vyann « steak » ou ak mato vyann lan ap pi mou ?

Si ou itilize mato a pou bat stèk la, li p’ap fè vyann lan vin mou di tou. Se yon mit, yon lejann ke anpil moun kwè. Lè w fè sa, ou detwi fib moso vyann lan epi sa lakòz li pèdi pwopriyete li. Vyann sa a ka menm vin pi di, lè saa ou ka panse yo baw move vyann oubyen ke ou pa fò. Pou rann yon vyann pi mou pa gen pi bon metòd pase itilize ji fwi, pou egzanp, marinad sitwon-zoranj si pou fè vyann ou tand.

Pase yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : chefsimon.co

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.