TKSK: « STYLE MINIMALISTE »

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje jodi ya mwen deside konsakre kèk madi kap vini la yo sou estil photo kilinè nap koumanse ak « STYLE MINIMALISTE » teknik ak konsèy pou aplike pou fotow gen estil ak pèsonalite san ou pa itilize yon pakèt akseswa epi depanse anpil.

35 – ESTIL MINIMALIS KONSEY 01

Dè ke ou kòmanse pran yon enterè nan fotografi manje, byen vit wap reyalize ke depans ou nan ti sesisela pou pou pran ak anbeli photow yo, pral vin sibstansyèl. Ou dwe toujou ap renouvle tèt ou pou w rete enteresan, alamòd epi bay tèt ou defi vi n pi bon.

Lè ou se yon pwofesyonèl, ou mete depans sa yo nan pri ou. Donk sa pa yon pwoblèm depiw ou jwenn kliyan ka peye pou li!
Men, lè ou fè fotografi manje jis pou plezi, pou blog ou, rezo sosyal ou sa ka fwistrew, si se pa pòv li rann ou pòv dirèk, dirèk…
Erezman, gen konsèy pou divèsifye foto ou san ou pa oblije depanse saw pa genyen.

Se pou tèt sa jodiya map wè avè nou Foto a minimalist

Li se yon kouran nan « art » kontanporen ki fèt Ozetazini nan ane 1960 yo, ki ka pafètman transpoze nan fotografi manje.

Pou esplike li tou senpleman, foto minimalist mande pou konsantre sèlman sou sijè a.. Itilizasyon Akseswa yo dwe fèt nan yon fason trè rafine, le mwens posib. Li la, jis pou pote yon ti sibstans / soulinye plat la. Atansyon an ta dwe konsantre sèlman sou sijè a.

Se poutèt sa se yon branch nan fotografi ki byen apwopriye lè ou pa gen anpil! Li pafè tou lè ou kòmanse konsantre tout atansyon ou sou teknik ak konpozisyon.

Men premye konsèy mwen pou kreye foto minimalist:

Ide #1: *Pa plis pase 4 Pwodwi o total.
2 ki pi enpòtan yo se:
Fon an: plis fond an « neutre », plis foto a parèt épuré (plis lap parèt senp).
Veso kote ou met sa wap fè foto a fèt pour adapte ak fon an: yon bòl, yon plat, yon planch an bwa.

Opsyonèlman, ou ka ajoute:
Yon twal / yon moso papye: ajoute teksti.
Yon akseswar (yon kouver, yon ti veso, yon tas…) paske yon foto minimalist ka fasilman rakonte tout yon istwa. Sètènman senplifye, men yon istwa kanmenm.
Yon engredyan ki ta fè eko resèt la.

Pase yon bon madi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto : utopix.com, manfrotto.com, photographe-paulinedaniel.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.