TKSK: 10 bagay tout moun ki renmen lay ta dwe konnen.

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Tout moun ki fè tansyon, lay se bon zanmi yo, tout moun ki renmen manje ki gen bon gou konnen kisa lay ka fè kòm mèvèy nan manje. Sepandan lay la vini ak kèk ti sousi ki fè otan li gen fanatik, otan li gen moun ki pa renmen li
Men 10 bagay tout manjè Lay ta dwe konnen.

1 Pou varye entansite gou a
Gen moun ki renmen gou lay la fò nan manje konsa gen lòt ki renmen pou gou a prèke pa parèt.

  • Si w renmen li fò, krazel ak lam koutow epi pilel ak yon ti sèl. Mete li kri nan manjekonsa lap byen fò.
  • Si ou pitol dous, konsome lay rache piti piti. Ou ka menm achtel tou kale deja pare nan kèk makèt…
  • Pou bay yon gou leje, senpleman mete kèk gous antye lè manje ya ap kwit, wa retire yo lèw ap sèvi.
  • Pou yon plat « sucré-salé », koupe lay an ti tranch fenfen, li pral bay yon gou pi lejè.
  • Pou diminye nètnèt fòs lay la nan gou li, ou ka tranpe li pandan plizyè minit nan dlo frèt anvan ou itilizel.

2 Pou ede dijesyon
Jèm lay la, ki pati vèt nan mitan an, se li responsab movèz dijesyon ak gou anmè lay la. Sonje retire li lè ou ap kwit manje (eksepte lè w ap itilize tout gous la pou bay yon plat gou).

3 Pou ka kale lay la fasil fasil
Li pa toujou fasil pou kale lay. Men yon konsey pou amelyore sa: tou senpleman tranpe gous ou yo pou 10 minit nan dlo tyèd, epi vwala! Si ou vle diminye gou a lay, pwolonje tranpe a jiska 60 oswa 90 minit.

4 Pou bay pòmdetè fri ou yo pi bon gou
Èske w te konnen ke lay fè pòmdetè fri yo pi bon gou? Tranpe kèk dan lay nan lwil la nan friteuz la. Fè pòmdetè fri ya kòm dabitid. Lè sa a, jete dan yo aprew fin fri pòmdetèw.

5 Pou fè pure lay
« Presse-ail » se yon istansil trè pratik pou jwenn lay kraze. Genyen tou solisyon pilon an. Oswa fouchèt la.

6 Pou pwofite tout benefis sante lay la ka bawou
Kwit manje tou enfliyanse dijesyon lay epi diminye “toksisite” li. Pou kenbe tout benefis lay la epi evite li vi n toksik, fè atansyon pou pa boule li. Pa egzanp, li bay yon bon gou nan legim lèw kwit li ak lwil doliv. Konsa, li pa tache. Epi pa bliye brase l regilyèman pou l pa boule.

7 Pou bay vyann ou bon gou ak bon lodè
Men yon fòm absoliman pafè pou kwit manje ou pou met lay la yon lòt nivo. Li degaje tout gou li yo, tou dousman. Jis separe gous yo epi ajoute yo nan preparasyon vyann ou yo (jigo, roti, poul etsetera) ak tout po yo, akonpaye tou sa ak yon ti dlo.

8 Pou retire odè fò lay la nan veso epi sitou sou menw
Wi, lay bon, li menm bon pou sante ou, men… li santi fò! Nou dwe rekonèt sa.
Men kèk konsèy pou diminye sant la:

  • Dlo ak asye, pa gen anyen pi bon yo retire sant la sou men ou.
  • Oswa kafe (ma kafe).
  • Oswa, dènye konsèy: dantifris!
  • Pou netwaye planch a dekoupe, sèvi ak bikabonat ak sèl.
  • Pou lave kouto w, dlo frèt, pa dlo cho.

9 Pou pafime delikatman asyèt ou yo, lè wap sèvi yon pla
Pou bay yon gou lay vrèman sekrè nan manje ou, fwote asyèt ki pral nan fou ou oswa bòl salad ou ak yon lay koupe an 2.

10 Pou pran pleziw nan tèt lay la
Manje tèt lay ak kiyè se yon plezi san parèy. Koupe tèt la (ki gen plizyè gous) an 2 nan sans orizontal. Nan yon plat ki pwal nan fou, mete demi-tèt sa yo koupe fas anlè. Ajoute yon ti gout lwil doliv sou mwatye tèt yo ak yon ti bouyon poul ou bèf se selon nan fon fou a. Chofe pou 45 minit nan yon fou modere (180 °), bade tèt lay yo detanzantan ak bouyon an. Pou evite yo seche, ou ka kouvri (siw vle) ak papye aliminyòm apre yon 25 minit nan kwit manje ya. Lay sa a ou manjel konsa san ajoute kwakseswa sou li. Li ap fonn, anba kiyèw. Akonpaye salad ou yo ak vyann mouton ak mwatye tèt sa yo.

Kounye a ou konnen tout itilizasyon gastronomik nan lay. Men, lay gen anpil lòt byen li ka fèw… An patikilye pou fè ti bèt nwizib tankou mouch, marengwen vole gagè!

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: femmeactuelle.fr

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.