TKSK: GRUAU AUX RAISINS SECS

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya nan jedi tansyon.

jedi pase mwen te bay dènye meni nan 21 jou menu tansyon san presyon. Nan 21 jou sa yo sa rive mwen bay yon nom pla sanm pa bay detay. Gen kèk pasyone ki te mandem apa kèkdetay sou pla sa yo. *Pou tout moun ka pwofite apati de jedi saa e pandan kèk lòt ankò map chwazi kèk pla ki merite mwen banou detay sou yo.

Manje tansyon pou jodi ya se GRUAU AUX RAISINS SECS

PÒSYON: pou 1 moun PREPARASYON: 5 minit TAN POUL KWIT 2 minit

ENGREDYAN
• 125 ml (1/2 tas) lèt
• 35 g (3 tas) avwan ki kwit rapid (5 minit)
• 1 ti kiyè sik wouj (sa yo rele kasonad la)
• 1/4 ti kiyè. kannèl an poud (si ou gen moyen moulenl ou menm lap pibon)
• 2 gwo kiyè rezen sèk

PREPARASYON
Nan yon bòl ki ka ale nan mikwo ond, melanje lèt ak avwa n la. Kitel Kwit pou 1 minit. Brase epi kontinye kwit li pou 45 a 60 segonn. Epi brase nan sik mawon an, kannèl la ak rezen sèk la anvanw melanje tout mun ansanm.

SIGESTION
Mete nan avwàn ou a fwi sèk tankou canbèrj oswa moso fwi fre (pèch, pwa oswa bannann) pou yon ti dejene maten ki plis nourisan.

  • KONSÈY PRATIK *
    Chwazi avwàn pou kwit manje rapid ki pran 5 minit olye ke 1 minit pou manje saa. Là avwàn lan kwit twò vit flokon avwàn yo kraze, sa ka diminye benefis yo genyen pou jere grangou, kolestewòl ak presyon san. Note avwàn 5 minit la pran sèlman 2 minit pou kwit nan mikwo ond lan.

ENFÒMASYON SANTE
Avwàn ekselan nan zafè fib ak grenn antye, ideyal pou kontwole pa sèlman presyon san, men tou, kolestewòl ak grangou.

VALÈ NITRISYONÈL POU CHAK PÒSYON
• Kalori 242
• Lipid 9g
• Sodyòm 66 mg
• idrat kabòn 45g
• Fib 4g
• Pwoteyin 4g

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti:

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.