TKSK: 21 jou menu tansyon san presyon – JOU 1

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jedi tansyon.

Jodi ya nan jedi tansyon nou ap koumanse avek 21 jou menu tansyon san presyon – JOU 1

Tankou nou di li deja ou ka melanje resèt yo lè mwen koumanse baw yo pou plizyè jou, se selon gouw. Mwen eseye varye yo pa pa gen enpresyon se yon medikaman ki ta ka evitew manje ak kè kontan.

MATEN

  • Pran 1 a 2 tranch pen ki fè ak grenn antye
  • Pran yon ponyen nwa
  • Epi yon Fig

NAN PÒZ

  • Manje zanman
  • Manje yon fwi (Poire si ou jwenn)

A MIDI

  • Yon soup tomate ak pwa (lentille) ladanl
    Desè yon pomkèt

ASWÈ

  • Salad ak fèy vèt, tomat, konkonm epi blan poul
  • Si vant la pata plen premye jou a fèl rive ak kèt lòt fwi ak legim

Menm si ou pa fè tansyon chwazi yon mwa nan ane ya pou eseye 21 jou resèt sa yo, lap bon pou santew. Epi si ou gen yon moun ki fè tansyon nan kay la sa ap edel pa santi li pa menm jan ak tout moun

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: Passeport santé

17 Comments

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.