TKSK: Kijan pou retire piman nan men ou

(Vandredi teknik)

jodi mwen vini ak yon tenik tou senp epi tou kout. Kisa pou fè lèw sot manyen oubyen ou sòt koupe piman pike pou pike ya soti nan menw ? Si sa poko jan m rivew pou sot manyen piman epi pou manyen jew ebyen ou se yon moun ki gen chans anpil. Mwen ka senpman diw li pa vreman agreyab.

  1. Ou koupe piman pike? Lave men w ak ji sitwon

Jis lave men ou apre ou fin koupe yon piman pike pap fè pike ya ale. Ji pike ya toujou la nan men ou epi lè ou manyen figi ou pita nan jounen an ou pral santi li. Sansasyon boule sa a pral dire pou yon ti tan. Prevni pi bon pase geri. An gade kijan ou ka evite sa.

Ou ka anpeche sansasyon boule sa a lè w lave men w ak ji sitwon. Lave men ou ak ji sitwon apre ou koupe yon piman pike netralize sa sèk a epi anpeche sansasyon boule ya gaye. Se konsa, lè ou ale nan fwote je ou pita, ji sitwon an ap anpeche yo boule.

Randevou kase pou vandredi pwochen dòt konsèy teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : tips-and-tricks.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.