TKSK: 2 konsèy pou kuit vyann nan yon lòt nivo

(Vandredi teknik)

Jodi mwen vini ak de tenik tou senp pou Ka fè koze kuit vyann ou moute yon lòt nivo Pwofite 2 pou youn saa pase likidasyon pa dire.

Kouman pou bay kwis poul ou a bon gou fèl kroustiyan lè w prepare li nan « buttermilk » ?
Nenpòt moun ki janm manje yon poul fri konnen ke tout plezi ya nan kwout la, nan ti po krapkrap anba dan an. Men, ki jan pou fè moso poul ak bon gou, epi kwout kroustiyan? Sekrè ya se « buttermilk » . Buttermilk la fè poul la pi mou andedan epi li bay poul la yon gou fre pandan po ap byen sèk!

Mwen konnen gen nan nou kap mande sak buttermilk la ? Kouman yo ka fèl ?
Men resèt la

  • 250 ml lèt (lèt antye si sa posib)
  • 1 gwo kiyè ji sitwon oswa vinèg blan

Pran yon gran vè
_ Vide lèt la
_ Ajoute ji sitwon an oswa vinèg, kèlkeswa sa ou te chwazi
_ Melanjel byen byen melanje
_ Kitel chita nan tanperati nòmal pou 10 minit
_ Buttermilk la pare pou itilize

Kle a pou fè vyann ou pi gou ak « tendre »
Èske vyann ou pa janm gou jan li fèt nan restoran? Èske li toujou twò di? Mwen gen yon solisyon trè fasil pou sa. Ou ta dwe toujou kite vyann ou deglase nan tanperati nomal anvan ou kòmanse kwit li. Sa pwal lakòz fib yo nan vyann lan dekole, ba ou yon moso vyann ki pi « tendre ». Eseye sa a pwochen fwa ou prepare vyann epi wa vi n ban nou rezilta sou gwoup la!

Randevou kase pou vandredi pwochen dòt konsèy teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : cuisineazcom

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *