TKSK: «ESCABECHE»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se « ESCABECHE». Lè ou tonbe sou mo sa a, a ki sa ou panse ? Anpil bagay ka pase nan tèt ou, men pa bliye se nan domaine cuisine nou ye … ou pa beswen bay tèt ou twòp pwoblèm Passion Gastronomie la pou diw kisa sa ye sa …

Kisa ki yon eskabèch sadine oubyen yon eskabèch « maquereau »?

Escabèche se yon plat ki fòme ak pwason marinen pandan apeprè yon jou nan yon sòs lwil oliv, vinèg, fèy aromatik ak epis santi bon. Lè sa a, ou poche li oswa fril epi ou kitel refwadi.

Pou preparasyon an, kèlkeswa sa ou chwazi pou fè eskabèch la, fè li pran koulè nan lwil oliv trè cho, apre ou te netwaye li epi siyel nan yon twal, epi pasel nan farin lan. Yon fwa yo jwenn koulè a, retire pwason yo epi mete yo nan yon plat fon oswa nenpòt lòt istansil.

Chofe lwil la jiskaske li fè lafimen yon ti kras epi ajoute ladanl, mwatye yon lit lwil oliv 8 dan lay san kale, mwatye yon kawòt ak 1 zonyon koupe an wondèl trè mens. Kite tout bagay fri pou yon ti moman epi ajoute: 3 desilit vinèg, 1 decilitre dlo, 10 gram gwo sèl, kèk ti branch tim, mwatye yon fèy laurye, 3 pye pèsi, ak 2 ti piman.

Kitel bouyi pou 12 minit; vide marinad bouyi a sou pwason an; epi kite marinen pou 24 èdtan. Sèvi ak kèk kiyè marinad frèt. »

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : marieclaire.fr

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.