TKSK: Eske ou te konnen ke fè manje ka yon bon jan pou diminye estrès ?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya mèkredi jou kote nou ka pale sou tout bagay ki gen rapò ak gastronomi san baboukèt,san nou pa mete fokis sou youn tèm an patikilye. jodi kèkilanswa kote wap viv gen anpil chans ou domi ak estrès ou leve ak estrès. Ti stres gwo strès si ou mal jerel li ka nwizib pou santew Men eske ou te konnen ke fè manje ka yon bon jan pou diminye estrès ?

Men gen yon jan pou fè sa, sinon fè manje ka ogmante strès ou plis pase li edel pase … (men tèt frèt se pou evite sa Passion Gastronomie pote YonTiKonseyChakJou pou ou)

Pran ti chèz baw poum vin esplikew ki jan yo sèvi ak kwizin nan soulaje estrès
Pase tan nan kwizin nan se yon bon fason pou soulaje estrès. Pwograme tan pou w kreyatif nan kwizin nan chak semèn. Pandan w ap kwit manje, evite aji kou yon chen 4 pye kap kouri nan 4 chemen olye ou konsantre sou repa, desè, oswa ti goute w ap prepare ya. Eseye yon nouvo resèt, kwit manje ak yon patnè w, bal netwaye pandan w ap kwit manje tout sa ka ede w diminye estrès pandan w ap kreye manje ki gou.

Pwograme yon tan pou kwit manje.
Kwit manje ka ede soulaje estrès, amelyore kreyativite, epi konekte w ak lòt moun (kelkeswa se nan fè manje ya ke se nan apresye saw fè kòm manje). Pou mete tèt ou anvalè epi reyisi nan objektif ou ki se detann nan fè manje, asire w ke ou pwograme yon tan espesyalman pou kwit manje. Li pral fè kwit manje pi agreyab epi pèmèt ou konsantre enèji ou sou travay la san twòp kè kase. Ou ka menm make tan saa nan kalandriye ou pou yon sezon kwit manje ak yon epizòd chak semèn (men jan ou ta fè pou yon seri NETFLIX). Eseye mete sou kote yon fen semèn apremidi jis pou kwit manje pa rekzanp.

Evite fè plizyè travay pandan y ap kwit manje.
Si ou vle soulaje estrès, asire w ke ou pa eseye fè lòt aktivite pandan w ap nan kwizin nan. Olye de sa, jis konsantre sou kwit manje. Asire w ou fè lòt moun nan kay la konnen ou pap disponib pou lòt travay pandan w ap prepare manje.

Jwenn yon patnè pou kwit manje.
Lè w fè manje ak yon lòt moun, ou kiltive kominikasyon, koneksyon ak koperasyon. Mande yon manm fanmi oswa yon zanmi pou ede w prepare yon repa, desè oswa goute. Kwit manje se tou yon gwo opòtinite pou mete diferans sou kote epi konsantre sou yon travay komen ak mityèlman ak benefis resipròk. Esi se nou de sèl ki nan kay la nou ka metenn trè zalèz pou fè sesyon manje saa an « petite tenue »

Ou ka eseye planifye sesyon pou kwit manje ak yon manm fanmi epi fè li yon priyorite nan lis sa pou fè chak semèn. Fè yon plan pou kwit manje ak yon lòt moun ka ede w fè manje yon priyorite nan lavi ou.
Rès la pou mekredi pwochen

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : croixbleue.ca

Fè manje ansanm amelyore relasyon moun ak moun

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.