TKSK: KOUMAN POU FÈ FOTO SOUP? – KONSEY 2

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje jodi ya nou pwal kontinye wè kouman nou ka fè foto soup. Pouki soup? Pase kòm mwen tè di nou li déjà mwen twouve yon soup de fwa trè raz pou fè foto li si ou pa kreyatif fotow la riske ase banal.

44 – KOUMAN POU FÈ FOTO SOUP? – KONSEY 2

Yon soup mwen pa kache diw sa se vreman pa yon bagay ki gen relyèf, dim manti siw kapab. Epitou, paske li pagen anpil relyèf (li plat) li difisil pou reyalize mizopwen sou li. Sou yon sifas ki lis, autofocus la glise (li paka fokis) epi li pa ka jwenn yon pwen poul kanpe epi fè kalkil li yo.

2 – Koman pou fè mizopwen pou yon soup

Se akòz defi mwen sot diw la yo ke, mwen gen twa solisyon pou ou :
Premye solisyon an se chanje fokis ou an manyèl pou ke se ou ki deside se pa aparèy la. Men, si ou pa ka wè byen atravè vizè kamera ou a, sèvi ak kwen nan veso a pou ède. Mwen fè fokis la sou bò veso a pou li matche ak sant soup la.

Dezyèm solisyon an se mete engredyan dekoratif sou soup la. Anplis ke sa ap ede autofocus la pran, ajoute ti sesisela sa yo ak kèk engredyan ankò pral pote relyèf ak anvi manje nan yon plat ke anpil moun deja asosye ak soup manje moun malad.

Finalman dènye solisyon an, sèvi ak limyè a pou kreye yon pwen kote fokis la ka mòde. Lè w oryante tèt ou yon ti kras plis anfas limyè a, ou pral wè refleksyon limyè parèt sou sifas soup la. Refleksyon sa yo pral toudenkou èd pou lantiy la ka fokis. al pratike epi tounen vin banou nouvèl

Pase yon bon madi, randevou kase pou lòt semenn pou plis toujou.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : laphotoculinaire.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.