TKSK: CHIFFONADE

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «CHIFFONADE». Lè ou tonbe sou mo sa a (oubyen jew tonbe sou li), a ki sa ou panse li koresponn nan domèn kwizin ? Eske se menm sans chifonnen ou konnen yan ? Eske se yon sans diferan ?. Pa kase tèt ou Passion Gastronomie la pou diw kisa sa ye sa …

Kisa yo rele « chiffonade? » nan koze fè manje

Se fèy legim (òzèy, leti, zepina, elatriye) woule sou tèt yo epi koupe an ti riban mens. Yo ka koupe ak kouto file, oubyen fèt ak rap oswa sèvi ak sizo kwizin pou byen koupe ti bann yo, anjeneral yo itilizel kòm yon ganiti pou soup…

Sa ou dwe konnen an plis
“Chiffonade” la ka sote nan bè epi itilize kòm yon ganiti pou soup (tankou pou soup Saint Germain) men ou ka tou kitel kri pou sèvi kòm dekorasyon pou hors d’œuvres frèt (lè saa ou ka fè yon chiffonnad leti)._

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : webflow.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.