TKSK: SALADE aux trois haricots

Jodi ya nan jedi tansyon nou pwal bay resèt sou you lòt nan petidejene mwen te rekòmande nan 21 jou menu tansyon san presyon. Manje maten dwe mete yon fen nan grangou omwen 12 zèd tan san manje ki ta dwe nomal si nou pase nwit la ap domi …

Manje tansyon pou jodi ya se SALADE aux trois haricots
PÒSYON: pou 6 mouns (oubyen 6 repa pou yon moun)
PREPARASYON : 15 minit
TAN POUL KWIT : 1 minit
TAN POUL REPOZE : 20 minit

ENGREDYAN
• 390 g (2 tas) pwa vèt, an fragman
• 1 bwat 540 ml pwa wouj, rense epi tanponnen nan papye pou etire dlo (lap peze 370 g)
• 1 mamit (540 ml) lupin, rense epi tanponnen nan papye pou etire dlo (lap peze 320 g)
• 2 kawòt, koupe an ti moso
• 180 g (2 tas) bwokoli, an ti bouke
• 80 ml (1/2 tas) lwil oliv
• 2 gwo kiyè vinèg balzamik
• 1 gwo kiyè siwo myèl
• 1 lay, kraze

PREPARASYON

Nan mikwo ond , kwit pwa vèt yo ak 1 gwo kiyè dlo pou 1 minit.
Nan yon bòl salad, konbine pwa wouj, lupin ak legim yo.
Nan yon bòl, emilsifye lwil oliv la, vinèg ak siwo myèl. Ajoute lay la, melanje byen epi kite yo poze pou 5 minit.
Vide vinegrèt la (ki se rezilta emilsifye ou te fè pi wo a) sou salad pwa a epi bwase tout bagay ansanm, kite yo poze pou 15 minit anvan ou sèvi.

ENFOMASYON SOU SANTE

Legum yo gen anpil potasyòm ak fib, epi yo pa gen anpil grès satire. Se poutèt sa yo rekòmande sous pwoteyin epi yo ka regilyèman ranplase vyann nan meni yo.

VALÈ NITRISYONÈL POU CHAK PÒSYON
• Kalori 320
• Lipid 14 g
• Sodyòm 35 mg
• Glisid 34 g
• Fib 11 g
• Pwoteyin 18 g

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Pou moun ki ta ap mande sa ki LUPIN yan :

LUPIN SE LEGUM KI PI RICH PWOTEYIN
Si ou te panse li te yon nouvo varyete plant pou vejetaryen nan rechèch inovasyon oswa yon plant jenetikman modifye, ou fèk fè fòt. Vreman vre, lupin, ki la depi nan tan Maya yo ak moun peyi Lejip yo, se yon legum natirèl, menm jan ak soya, pwa oswa fèvre. Tradisyonèlman rezève pou bèt, li te adapte pa agwonòm yo pou fè li tounen yon manje ki enteresan sou plan nitrisyonèl. Kiltive sitou an Frans, ou jwenn li tou nan Ewòp Santral, Ostrali ak Andes yo, li pa absobè pestisid.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : radio-canada.ca.

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.