TKSK: Gazpacho

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «GAZPACHO». Lè ou tonbe sou mo sa a (oubyen jew tonbe sou li), a ki sa ou panse li koresponn nan domèn kwizin ? Mwen konnen depiw wè Pacho a ou panse italyen ? Men eske se vre ?. Pa kase tèt ou Passion Gastronomie la pou diw kisa sa ye sa …

Kisa yo rele « Gazpacho? » nan koze fè manje
Se yon plat Panyòl soup ke yo manje frèt epi ki pa kwit, ki anjeneral gen tomat, konkonm, zonyon, lay, lwil oliv ak vinèg.

Gazpacho se yon soup ki fèt ak melanje legim kri yo sèvi frèt, trè komen nan sid peyi Espay (Andalusia) ak nan sid Pòtigal (plis jisteman nan zòn Alentejo ak Algarve, gazpacho alentejo).

Preparasyon
Se baz la fèt ak tomat melanje, ou ka deleyel ak dlo oswa kib glas. Sou tomat yo ou ka ajoute ti kal pen ak legim tankou konkonb, pwav oswa zonyon, kwit oswa kri.

Preparasyon likid sa a ou ka sezonmanl ak lay, sèl, lwil oliv ak vinèg. Si ou vle ou ka sèvil ak legim koupe.

Dyetetik
Kòm li fèt ak legim kri, gazpacho gen plis vitamin pase yon soup legim kwit.

Pase yon bon lendi

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : wikipedia.org

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.