TKSK: KOUMAN POU FÈ FOTO SOUP? – KONSEY 6

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje jodi ya (malgre mwen konstate gen anpil timidite nan leve defi semenn pase yo) map kontinye wè kouman nou ka fè foto soupki atire atansyon. Pouki soup ? Pase kòm mwen pa janm sispann di li, mwen twouve yon soup de fwa trè raz pou fè foto li. Si ou pa kreyatif fotow la riske ase banal. Men jodi ya se fèt mwen pap long

44 – KOUMAN POU FÈ FOTO SOUP? – KONSEY 6

6- Fè sonje nan fotow la sa ki eleman prensipal soup la

Si ou pa fin sèten ki jan pou mete an evidans kisa ki pi enpòtan nan soup ou a, ou ka tou senpleman fè aranjman tout engredyan yo ki gen nan soup la alantou li (wap jwen yo nan fè yon ti koutje nan resèt soup la).

Mete divès kalite legim, fèy ak epis santi bon ke ou te kwit nan kad foto an. Ou ka mete yo antye nan background lan pou yo pa ankonbre sèn nan. Men, pa ezite mete tranch, moso legim ki rete yo, ak fèy santi bon oswa fèy koupe, elatriye… arebò bol soup la.

Pase yon bon madi, randevou kase pou lòt semenn pou plis toujou.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : laphotoculinaire.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.