TKSK: PEN SOMON

Jodi ya nan jedi tansyon. nou pwal bay resèt sou you lòt nan petidejene mwen te rekòmande nan 21 jou menu tansyon san presyon. Manje maten dwe mete yon fen nan grangou omwen 12 zèd tan san manje ki ta dwe nomal si nou pase nwit la ap domi …

Manje tansyon pou jodi ya se PEN SOMON
PÒSYON: pou 5 mouns (oubyen 5 repa pou yon moun)
PREPARASYON : 15 minit
TAN POUL KWIT : 30 minit

ENGREDYAN
• 3 bwat 213 g chak sodyòm ba, (lèw retire likid ladanl li peze 500 g)
• 140 g (1 tas) ”chaplure” (ti kal pen)
• 1 gwo kiyè moutad Dijon
• 2 zonyon vèt, koupe
• 2 pòmdetè mwayen, kale ak griye (fè 320g oswa 2 tas)
• 2 gwo kiyè yogout nature
• 2 ti kiyè soup aneth seche
• 1 ti kiyè poud lay
• 1 gwo kiyè paprika
• Pwav
PREPARASYON

Chofe fou a a 180 ° C (350 ° F). Nan yon gwo bòl, kraze somon an, apresa melanje chaplure la. Ajoute engredyan ki rete yo. Eksepte paprika a. Melanje byen. Transfere melanj lan nan yon plak ki mezire omwen 23 x 13 cm (9 x 5 pous). Soupoudre melanj lan ak paprika epi metel kwit nan mitan fou a pou 30 minit.

AKONPAYMAN
Ou ka sèvi pen saa ak yon salad pòm ak epina.

ENFOMASYON SOU SANTE

*Somon nan bwat gen plis sodyòm pase somon fre, li enpòtan pou etire likid li gen ladanl byen. Men menm somon nan bwat se yon chwa ekselan pou sante ak yon bon sous omega – 3 asid gra. *

VALÈ NITRISYONÈL POU CHAK PÒSYON
• Kalori 330
• Lipid 8 g
• Sodyòm 313 mg
• Glisid 30 g
• Fib 2 g
• Pwoteyin 32 g

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : pointdepenmarch.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.