TKSK: Timanti #2 :”Wap ka fèl nan de tan twa mouvman epi, li pa koute anyen”

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite.

Depi dimanch pase mwen deside fè bagay yo yon lòt jan moun nou pa koumanse twouve ribrik dimanch lan san gou. mwen chwasi fè nou dekouvri kèk ti manti tou wòwòt nan domèn kwizin ki ka pèmèt nou konnen feblès nou Men nan konprann pouki nap nou fè sa nap padone pi fasilman ti peche sa yo … Nap pran yo gren pa gren.

Moun ki kapab fè manje (sitou bon manje ki gou) tankou nou, gen anpil merit men yon gwo defo. Mwen gen anpil respè pou nou. Se gras a nou si mou pa mouri grangou, nou ka menm di ke gen manje ou ap manje, se yon veritab demonstrasyon lanmou. Se moun ki ap fè manje ki kenbe flanm dife kilti gastronomik la, pami lòt bagay ankò.

Men kisa defo a ye alòs? Akote defo espesyal nou chak genyen, nou prèske tout dakò sou yon youn ke nou tout genyen: nou bay manti tankou moun kap pati sou jan nou fè manje, sou kisa nou mete nan manje ya (nou toujou gen yon dènye ti sekrè ki ret kwoke nan goj), sou tan sa pran pou fè sa nou fè ya … Se tout bagay sa yo mwen pwal revele pandan kèk dimanch …

2.- Timanti nimewo 2 *”Wap ka fèl nan de tan twa mouvman epi, li pa koute anyen”
Mantò : Ou kon pase plis pase yon èdtan ap reflechi sou resèt la oswa pou chwazi li (lè se pa plizyè jou sitou si se pou fè yon moun ou renmen anpil plezi), plizyè èdtan pou achte engredyan yo ak kat èdtan sou sou dife pou si lap byen fèt. Epi ou pa mansyone kantite tann ou pase, apre envite yo fin ale ki pral nesesè netwaye dezòd nan kwizin nan.

Men lè yo fèw yon ti konpliman sou manje ya pou diw janl bon ou pran pòz modès ou pou di : se pa konplike non Wap ka fèl nan de tan twa mouvman epi, li pa koute anyen

Pase yon bon dimanch.

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.