TKSK: KOUMAN POU FÈ FOTO SOUP? – KONSEY 7

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

YonTiKonseyChakJou_20221108

Nan seri aprann fè foto manje jodi ya (malgre mwen konstate gen anpil timidite nan leve defi semenn pase yo) map kontinye wè kouman nou ka fè foto soupki atire atansyon. Pouki soup ? Pase kòm mwen pa janm sispann di li, mwen twouve yon soup de fwa trè raz pou fè foto li. Si ou pa kreyatif fotow la riske ase banal. Men jodi ya se fèt mwen pap long

44 – PRAN SWEN KONPOZISYON AN – KONSEY 7

Sonje fotografi manje dwe respekte divès règ ki fè prèv yo nan fotografi.

Sonje mete sijè ou sou yon pwen fòs nan imaj la dapre règ tyès al (divise kad foto an en 3 nan de sans yo pwen fòs yo se kote separasyon yo rankontre). De fwa pa ezite franchman desantre sijè ya olye pou w esklav pwen fòs yo, menm si sa vle di koupe veso ou an pou yon ankadreman an kwen. Lide a se bay imaj dinamis ak yon vi mwen klasik.

Yon dènye konsèy. Lè ou bezwen fè foto pòsyon endividyèl yo, gwoupe yo an twa epi distribye yo atravè imaj la.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : laphotoculinaire.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.