TKSK: 5 ti konsèy pou ogmante kantite fwi ak legim nan saw ap kwit

Jodi ya mèkredi jou kote nou ka pale sou tout bagay ki gen rapò ak gastronomi san baboukèt,san nou pa mete fokis sou yon tèm an patikilye. byen souvan doktè oubyen dyetetisyen di nou la tap pi bon pou nou si nou manje plis fwi men eske nou konnen kijan yo fè sa Jodi ya mwen vini ak 5 ti konsèy pou ogmante kantite fwi ak legim nan saw ap kuit.

1. Toujou genyen sou la men yon gwo seleksyon legim friz oswa nan bwat legim (men si yo te ka fre li tap toujou pi bon). Mayi nan bwat amelyore aparans nan yon soufle; ti fwi koupe ak bwokoli nan friz fè bon maryaj pou kwison alavapè.

2. Ajoute kawòt graje, gratin zukèini ak lòt legim nan sòs espageti ou. Sa a se resèt ke timoun yo ap renmen menm si an jeneral yo pa dans e kole ak legim. Sitou nan makawoni ak fwomaj …

3. Sere dyondyon koupe, piman wouj ak pwa vèt nan resipyan ke wap mete nan tiwa legim ou. Ou ka ajoute yo nan yon omlèt,nan diri jòn kole oswa soup nan bwat.

*sauté de tofu à la sauce chili douce

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : zeste.ca

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.