TKSK: Timanti nimewo 3 “Bagay pou fè ti manje saa, wap jwenn li tout kote wi”

Jodi ya se dimanch jou *lejann* oubyen *verite*. Depi dimanch pase mwen deside fè bagay yo yon lòt jan moun ou pa koumanse twouve ribrik dimanch lan san gou. *mwen chwasi fè nou dekouvri kèk ti manti tou wòwòt nan domèn kwizin ki ka pèmèt nou konnen feblès nou* Men nan konprann pouki nap nou fè sa nap padone pi fasilman ti peche sa yo … Nap pran yo gren pa gren.

Moun ki kapab fè manje _(sitou bon manje ki gou)_ tankou nou, gen anpil merit *men yon gwo defo*. Mwen gen anpil respè pou nou. Se gras a nou si mou pa mouri grangou, nou ka menm di ke gen manje ou ap manje, se yon veritab demonstrasyon lanmou. Se moun ki ap fè manje ki kenbe flanm dife kilti gastronomik la, pami lòt bagay ankò.

*Men kisa defo a ye alòs?* Akote defo espesyal nou chak genyen, nou prèske tout dakò sou yon youn ke nou tout genyen: *nou bay manti* tankou moun kap pati sou jan nou fè manje, sou kisa nou mete nan manje ya _(nou toujou gen yon dènye ti sekrè ki ret kwoke nan goj)_, sou tan sa pran pou fè sa nou fè ya … Se tout bagay sa yo mwen pwal revele pandan kèk dimanch …

3.- Timanti nimewo 3: “Bagay pou fè ti manje saa, wap jwenn li tout kote wi”

Mantò : Se selman kèk makèt ki vann engredyan yo. Ou menm sak fè ou jwenn yo se paske ou obsede nan frite tout kote espesyal ki vann ti bagay ou renmen yo, se paske fè manje se pasyonw _(sa menm rive kèk fwa ou ale nan yon makèt 2 a 3 fwa nan jounen yan)_. Gen moun pasyon se souvètman chè oumenm _(men m jan avèm)_ sa ki fè ou pase yon bon jounen se lèw gade bouch envite yo ki chap chap nan manje ya, anvan yo gadew nan je epi mandew nan manjew la ou pa pran ankò, pandan bòl la deja sou tèt plat yo a.

*Yon ti sòs ak yon ti madè ladanl se yon bon bagay*, devine konbyen makèt mwen fè denye fwa a poum te jwenn yon boutèy?

_*Men lè yo fèw yon ti konpliman sou manje ya pou diw janl bon ou pran pòz modès ou pou di : se pa konplike non se yon ti madè wi te mete ladanl ki fè li gen ti gou wap chèche ya*_

_*Pase yon bon dimanch.*_

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.