TKSK: INVOLTINI

Lendi se jou jagon. Mo teknik pou jodiya se «INVOLTINI». Lè ou tonbe sou mo sa a (oubyen jew tonbe sou li), a ki sa ou panse li koresponn nan domèn kwizin ? Pa kase tèt ou Passion Gastronomie la pou diw kisa sa ye sa …

Kisa yo rele yon « envoltino? » oubyen yon pakèt « involtini » nan koze fè manje

Nan lang Italyen, yon involtino oubyen plizyè involtini vle di “ti woulo”. Nan peyi orijin pla saa, yo manje li nan kòmansman yon repa, (tankou yon ti rantre) pou louvri apeti envite yo. Vreman vre, involtini se yon konsèp gastronomik nan peyi Itali. Yo espèch de ti batbouch sipriz!

Objektif la: se etone envite ou yo nan glise engredyan you moun pa ta espere nan kè woulo ya, epi kòmanse repa a sou yon nòt kè kontan. Kote cham lan ye nan mini-pòsyon sa yo? Yo adapte ak tout palè! Involtini ki fèt ak pwason, varyant ak vyann… Menm vejetalyen jwenn plezi yo ak vèsyon legim la, (san yo pa genyen anken pwodwi bèt la dan yo) se jeneralman nan sid peyi Itali ke yo sèvil konsa. Pa gen dout: involtini yo, nou konnen poukisa envitew yo ap apresye yo.

Kouman ou prepare involtini klasik la ?
Èske ou pare pou prepare premye involtini ou a? Pou kòmanse al dousman, chwazi yon resèt senp, fasil ak rapid. Tankou involtini janbon woule dekore ak fwomaj, envitew yo dwe jwi li tankou de gou ki marye pou fè yon sèl. Pou kòmanse, li ta bon pou nou ta ka al achte nan yon makèt ki van bon pwodwi Italyen ki pa nan foulay. Plis pwodwi debaz yo de kalite, plis antipasti ou a ap bon! Nan yon bòl salad, melanje 75 g mascarpone ak 50 g ricotta. Sizonnen ak sèl ak pwav nan gou jezi, epi ajoute yon ti zong “thym” ak origan. Gaye yon tyè nan preparasyon sa a sou yon tranch janbon « Parme » si ou jwenn, Lè sa a, woule l sou tèt li nan sans longè. Finalman, koupe roulo boure sa a, an twa oswa kat seksyon egal gwosè. Repete operasyon an de fwa, ak de moso janbon… epi jwi!

Pase yon bon lendi

Jeach

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : mesrecettesfaciles.fr

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.