TKSK: KOUMAN POU FÈ FOTO SOUP? – KONSEY 8

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje jodi ya (malgre mwen konstate gen anpil timidite nan leve defi semenn pase yo) map kontinye wè kouman nou ka fè foto soupki atire atansyon. Pouki soup ? Pase kòm mwen pa janm sispann di li, mwen twouve yon soup de fwa trè raz pou fè foto li. Si ou pa kreyatif fotow la riske ase banal. Soje tout sa mwen di la sou zafè soup la nou ka sèvi avèk yo pou nenpòt lòt pla ki natirèlman pa pare pou fè bèl foto

44 – PA EZITE METE YON TI ZUZU NAN PREZANTASYON SOUP OU A – KONSEY 8

Ant yon plat soup, ki gen mak soup sou arebò li lè w ap sèvil, ak menm soup sa a ki sèvi sou menm plat la ke ou siye ak dekore ak kèk krouton pen, kèk fèy pèsi rache, elatriye… Kwèm, se nan dezyèm ka a ou pral plis vle bwè soup.

Pase yon bon madi, randevou kase pou lòt semenn pou plis toujou.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : laphotoculinaire.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.