TKSK: KOUMAN POU SOULAGE MALADI SIK AK ZONYON MELANJE AK MYEL?

Jodi ya se samdi, jou « kwizin, famasi lakay » jou kote nap konstate ke bagay ki laa nan kwizin nan ka sèvi medikaman. Maladi sik se yon maladi grav ak konsekans ki pa piti. Kidonk se yon bagay pou tout moun ak anpil atansyon san fè neglijans Men eske ou te konnen ke zonyon se yon gwo zam nan konba wap menen kont maladi saa? Men kijan yon ti zonyon ka ede ak maladi dyabèt.

KOUMAN POU SOULAGE MALADI SIK AK ZONYON MELANJE AK MYEL ?

Moulen 6 gwo zonyon, ajoute yon boutèy siwo myèl orijinal. Pran yon gwo kiyè twa fwa pa jou
pandan yon mwa. You ta sipoze wè yon rezilta apre 4 semenn sa yo.

Nan menm tan an; jwenn yon ti ponyen fèy anmè ak fèy santi bon, peze dlo nan yo, ajoute ji sitwon vèt (oubyen zoranj), lay moulen ak yon ti potasyòm. Pran yon demi vè de fwa pa jou pou yon mwa pou kore efè zonyon ak myèl la.

Pase yon bon samdi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto :

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.