TKSK: Timanti nimewo 4 *”Ou twouve li bon ? Epi se ak kat bagay mwen te gen nan frijidè mwen fèl wi”

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite. Depi kèk dimanch mwen deside fè bagay yo yon lòt jan. Pou bay ribrik dimanch lan yon lòt gou mwen chwasi fè nou dekouvri kèk ti manti tou wòwòt nan domèn kwizin ki ka pèmèt nou konnen feblès nou Nan konprann pouki nou fè sa nap padone pi fasilman ti peche sa yo … Nap pran yo gren pa gren.

Moun ki kapab fè manje, gen anpil merit men yon gwo defo. Mwen gen anpil respè pou yo. Se gras a yo si moun pa mouri grangou, e gen de manje yo fè pou ou, se yon veritab demonstrasyon lanmou. Se moun ki ap fè manje ki kenbe flanm dife kilti gastronomik la, pami lòt bagay ankò. Mwen pa ta renmen pèsonn gen dout sou sa

4.- Timanti nimewo kat *”Ou twouve li bon ? Epi se ak kat bagay mwen te gen nan frijidè mwen fèl wi”

Mantò : Ou konnen ti manje sa ou fèl byen oubyen envitew renmen sa, sa lakòz ou ta ale nan 20 boutik, 12 mache ak sèt makèt pou ta jwenn engredyan yo.

Pase yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto : pinimg.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.