Pinceau (Shoogar, 1984)

Shoogar Combo se youn nan djaz ki te gen repitasyon fè bèl kanaval nan ane 70-80 yo.
Kanaval moun plis sonje se « Pigeon ». Li te soti an 1985 e se te vreman yon mèvèy, sitou nan pawòl ak doub sans.

Pa egzanmp:

« Ti pijn ki poko fè plim
pa janm vole.
Gwo pijon ki fè plim deja
vole toutan! »

10/10 🙂

Men jodi-a, se kanaval 1984 la mwen envite nou sonje/dekouvri: Pinceau (Ou ka koute li anba atik-la.).

Li te gen anpil siksè tou. Refren ki te plis rete nan tèt moun yo se:

« Wooooo, korel l’ la.
Kore l’ la kore l’ la
Wa kore l’ nan panno: Penso! »

Men se yon tèks ki vreman pi rich.

Nan entwodiksyon-an y’ ap mande pou ba yo plis konsiderasyon pou sa yo fè deja (Sa ki dwòl paske tout moun toujou rekonèt yo nan sa ki pi bon yo. Nou ka mnem tande vwa Larose k’ap di se yo ki chapyon):

« Depi 5 an n’ap fè bèl kanaval, yo pa janm ba nou sa nou merite
Se kòm si yo ta di nou rale kò n’
Men nou konnen valè nou. »

Tou suit apre, pawòl ki pou fè moun souri yo pral kòmanse.
Si kanaval la t’ap pale de penso ak pentire, moun lespri devlope yo pat bezwen reflechi anpil pou jwenn mesaj la. Djaz la mete tout moun sou men yo (Ils annoncent la couleur 🙂 ) :

«San shoogar kanaval pap gen bèl koulè
Nou mande tout mesye mache ak penso
San shoogar kanaval pap gen bèl koulè
Nou mande tout medam mache ak penti
Pou nou ede malouk la bay kanaval la koulè »

Kidonk Se medam yo ki ap mache ak penti pou mesye yo tranpe peso yo !? 😎

Antouka, pou sa ki pa ta ko konprann, men pawòl ki vin apre yo:

«  Depi nou di penso
nou konnen se pentire.
Kanta penso woula sa-a se li ki edeyal.

Wa demele ou, degaje ou vin woule penso
Si li tonbe wa ranmanse l ak talon pye w »

oubyen ankò:

« Akoupi timedam ranmase penso
pou pentire devan pòt avèk dèyè kay »

Ou kwè mwen bezwen retranskri plis?
Ok, yon dènye (pour la route):

« Kenbe penso byen rèd.
Tranpe l’ nan mamit penti ou:
Pentire, Pentire mimi! »

N’a amize nou jwenn rès yo 😅

Pou pati mizik la, Shoogar te rete egal a li menm.
Yon ritmik kote tanbou ak batri a pa janm sispann galope,
yon siwèl sentetizè doooouuuuus, ki pa janm sispann akonpanye melodi yo
ak yon akonpayman gita ki souvan vin bay siwèl la sipò
oubyen mete pikliz nan mizik la..

Si Shoogar Combo te gen repitasyon fè bèl kanaval, se pat foulay.
E «Pinceau» se youn nan pi bèl egzanmp ke yo te merit renome sa-a.

Tilou Jean Paul

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.