Yon mizisyen, yon Istwa : Tikit

Gen chantè ki make epòk yo epi kite non yo. Jenrasyon byen apre, ki pat viv chantè sa-yo tande pale de yo e kontinye tande zèv yo. Yo rive fè sa gras a talan yo, zèv yo ak enpak yo te genyen nan moman yo.

Ge yon chantè poutan, malgre li te gen talan, malgre gen mizik li chante ki tounen klasik, e malgre li te gen enfliyans sou epòk li…non li pa rive jwenn jenerasyon apre yo…

Tikit se chantè ki te mete vwa li sou youn nan kanaval ki te pi popilè nan listwa Ayiti: Kaskèt sou tèt, se kanaval ke Scorpio Universel ta pral pwopoze an 1981. Se te premye kanaval Tikit ak Djaz la
e anplis siksè kanaval la te genyen an li menm, Tikit, gras a pèfòmans li, te pèmèt gwoup la rivaize kòrèkteman ak rival li DP Express.

Robert Martino ak Cincin rakonte plizyè fwa ke yo te al chèche Tikit vin nan Scorpio paske yo te wè nan li sèl chantè nan epòk la ki te ka rivalize ak Ti Manno ki tap chante nan gwoup rival la.

Koze « ti landeng » nan sanble yon bagay Tikit te gen nan san li. Se te kareman yn mak fabrik li pou li kite tèks l’ap chante a epi mete yon ti piman nan sa ki ap di a.

Mario de Volcy, ki te leve ak li tou piti, konfime ke Tikit te toujou fawouchè. Se pat yon jennonm ki te konn rete kalm. Menm nan sinema, li anpeche moun gade fim nan rele « Anmwey », « Ba li Ba li! »…

Tikit fèt 2 mai 1955 nan komin Desdunes. Li fè premye vre zam li nan Les Pachats du Canapé-Vert ansanm ak Mario de Volcy

Apre kèk tan, Marion de Volcy ki te al nan Samba Creole te eseye fè li entegre gwoup sa-a. Men sa pat mache paske, dapre maestwo gwoup la, Tikit te plis raple Skah Shah ke Tabou ke Samba Creole te vle suiv. Mario eksplile ke Tikit te yon gwo fanatik Zouzoul ki te chante nan Skah Shah

Tikit, paske li pat janm pase « innapercu » pral make tout djaz li pase ladan yo

Nan Shoogar Combo li pral chante sa anpil moun konsidere kòm pi bèl pèfòmans li

Avèk Scorpio, Tikit pral chante Chritianne, ki te yon delovrans pou djazz la anfas DP Express ki tap mennen ak mIzik David la.

Scorpio te vin pran nom Scorpio Fever e premye vèsyon an se Tikit ki te maestro li. Li te soti Mizik Vakans la ki te gen anpil siksè tou an 1982

Tikit pat sèlman make epòk li ak siksè mizik li yo, men li te ge anpil fanatilk. JFB ki se animatè emission Musique et Passion se yon gwo fanatik Tikit ki suiv tout istwa la vi li. Li te viv epòk la.

Apre pasaj li nan Scorpio Universel epi retour li nan Scorpio d’Haiti Tikit te patisipe nan plizyè pwojè tankou Apocalypse, Speed Limit (ki pat gentan wè jou), Scorpio La crême et Malatchong, premye Albòm Ti Claude Marcelin.

TiKit disparèt bridsoukou. Yon madi 2 novanm 1993, mond mizikal ayisyen an resevwa nouvèl Tikit mouri. A lepòk, li tap travay sou yon pwojè ak kèk kanmarad mizisyen li.

Leslie Dauphin, Ti Lesly, te sou pwojè a ak li ansanm ak Claude Marcelin.

Pwojè sa a ki te emèveye Ti Leslie a, pa rive konkretize. Li ale ansanm ak Tikit.

Men sa pa retire anyen nan zèv Tikit ak sa chantè a te fè nan epòk li. Li merite respè, rekonensans ak admirasyon. Tout jerenarasyon yo dwe konnen non atis sa a ke yo te rele Tikit!

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.