“Lanmou se jwèt aza”

Koute Mizik sa… Se yon kote nou envite nou tande yon mizik ke nou panse ki gen anpil kalite.  Nou di poukisa nou konsidere ke mizik sa bon et kisa ki manke li pou li pi bon. Koute mizik sa…Lap bon pou zorèy ou.

kouteMizikSaa_01

Sou dènye albòm Zenglen a, mizik sa se pa li ke moun plis konnen, men se yon kokenn chenn zèv mizikal.  « Lanmou se yon jwèt aza » Se kalite mizik ki merite yon atansyon nan mond mizikal nou a, sitou konpa a.

Pandan 5 minit se yon bon mizik kap sonnen nan zorèy nou. « Lanmou se yon jwèt aza » se yon mizik chofe ki demare ak yon liy van ki montre ou ke ou an afè ak de bon mizisyen. Réginald Cangé ki se chantè gwoup la montre nou, sil te bezwen konfime sa, ke li pami pi gwo chantè konpa yo lè li byen antoure.

Enstriman ki mache ak van yo dominan anpil nan mizik la, men gita ak kibòd la gen yon dialòg enteresan kote tanbou. Dener Ceide se moun ki konpoze ak ekri pawòl, mizik sa ofri nou yon solo  gita ki chaje kalite. Yon move nòt pou mizik sa se yon pati rap ak Réginald Canger. Anpil fwa rap nan mizik konpa kon pote yon bagay an plis, men la li kareman bese nivo mizik la ki fè nou paka ba li 10 sou 10.

Pou moun ki poko tande « Lanmou se yon jwèt aza », mwen envite nou tandel e jije kalite mizik la nou menm.

Nan pa lontan nap jwenn “koute Mizik sa”  nan yon vèsyon “Live” sou http://radyo.tipiti.biz/ !

Yves Osner Dorvil | Créez votre badge

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.