KSK: 21 jou menu tansyon san presyon – JOU 3

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya nan jedi tansyon nou ap kontinye avek 21 jou menu tansyon san presyon – JOU 3

Tankou nou di li deja ou ka melanje resèt yo lè mwen koumanse baw yo pou plizyè jou, se selon gouw. Mwen eseye varye yo pa pa gen enpresyon se yon medikaman ki ta ka evitew manje ak kè kontan.

MATEN

  • Pran avwann ak rezen sèk
  • Epi 130 gram (1 tàs) kompòt pòm san sik

NAN PÒZ

  • 2 pongnen grenn tounsòl
  • 1 pwar

A MIDI

  • Salad peti pwa

ASWÈ

  • Pen somon
  • Salad epina ak pòm
  • Ou ka fini repa ak yogout o fwi epi ak 100 g anana fre (1/2 tàs)

Menm si ou pa fè tansyon chwazi yon mwa nan ane ya pou eseye 21 jou resèt sa yo, lap bon pou santew. Epi si ou gen yon moun ki fè tansyon nan kay la sa ap edel pa santi li pa menm jan ak tout moun, nan premye jou yo match la ap read men apre nap mande tèt nou pouki nou te pran tout tan sa yo pou koumanse

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: Conseils-infodoc

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 1

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 2

5 Comments

Les commentaires sont fermés, mais les retroliens et les pings sont ouverts.