TKSK: 21 jou menu tansyon san presyon – Jou 9

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya nan jedi tansyon nou ap kontinye avek 21 jou menu tansyon san presyon – JOU 9

Tankou nou di li chak fwa ou ka melanje resèt yo, se selon gouw. Mwen eseye varye yo pou pa pa gen enpresyon se yon medsi n (ke ou oblije vale san kè kontan.)

MATEN

  • 1 tranch pen ak nwa jus kanbèrj ak yon ti dat siw jwenn
  • 1 Yogout (1/2 tas pa plis) wouzel ak yon ti siwo derab
  • Fin rive ak kèk ti fwi selon sezon an

NAN PÒZ

  • 1 zoranj an antye

A MIDI

  • 1 kòtlèt de por ak yon ti diri o legim
  • Korel ak 2 gwo kiyè nwa oubyen zanmann plis yon pèch siw jwen
    (ou ka ranplasel pa mango si se nan sezon an)

ASWÈ

  • Pran yon ti pwason ak legin (si posib griye ke ansòs)
  • Yon ti kouskous si ou manje sa
  • Ou ka fini repa ak yon ti « delice aux fruits » ke ou pwal fè desann ak lèt oubyen yon soda ki pa gen sik

Menm si ou pa fè tansyon chwazi yon mwa nan ane ya pou eseye 21 jou resèt sa yo, lap bon pou santew. Epi si ou gen yon moun ki fè tansyon nan kay la sa ap edel pa santi li pa menm jan ak tout moun, nan premye jou yo match la ap read men apre nap mande tèt nou pouki nou te pran tout tan sa yo pou koumanse

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: passeportsante.net

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 1

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 2

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 3

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 4

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 5

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 6

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 7

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 8

4 Comments

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.