TKSK: 21 jou menu tansyon san presyon – Jou 13

i Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya nan jedi tansyon nou ap kontinye avek 21 jou menu tansyon san presyon – JOU 13

Tankou nou te di li tou le jedi, ou ka melanje resèt yo, selon gouw. Rezon ki fè ke resèt yo varye se pou rejim vin raz (ke yo fosew manje yon ekip menm bagay yo)

MATEN

  • Salad “agrume” (avèk zoranj, chadèk, panplemous elatriye)
  • 1 tranch pen ak nwa, kanbèj epi dat siw jwen
  • 60 gram fwomaj ki pa gen twòp grès ladanl

NAN PÒZ

  • ½ tas yogourt « nature », yon ti filè myèl ak kè grenn chia (oubyen zanmann siw pa genyen chia)

A MIDI

  • 1 Salad poulè ak leti.

Si tout fwa ou pa ta rive vè 3 ze pran yon ti konpòt « pòm » san sik.

ASWÈ

  • Yon anbègè somon
  • Patat fri (menm jan ou ta fè ak pòmdetè frit)
  • Yonfwa se pa abitid ou ka kore tout sa ak yon ti Delis o fwi

Menm si ou pa fè tansyon chwazi yon mwa nan ane ya pou eseye 21 jou resèt sa yo, lap bon pou santew. Epi si ou gen yon moun ki fè tansyon nan kay la sa ap edel pa santi li pa menm jan ak tout moun, nan premye jou yo match la ap read men apre nap mande tèt nou pouki nou te pran tout tan sa yo pou koumanse

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: psychomedia.qc.ca

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 1

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 2

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 3

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 4

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 5

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 6

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 7

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 8

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 9

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 10

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 11

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 12

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.